Madoche sòti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè vyolèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt. Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman. Yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo. Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resèpsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.
Li Estè 8
Koute Estè 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 8:15-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo