Tobi 6

6
Tobiyas pran yon gwo pwason
1Se konsa Tobiyas pati ansanm ak zanj lan. Chen Tobiyas la te ale ak yo tou. Yo mache, yo mache jouk tan solèy kouche. Lè sa a, yo te gen tan rive bò larivyè Tig. Se la yo ranje kò yo pou yo pase nwit lan. 2Tobiyas desann al lave pye l nan larivyè a. Yon gwo pwason vole sòti nan dlo a, li manke vale pye Tobiyas. Tobiyas bay yon sèl rèl. 3Lè sa a, zanj lan di l konsa:
— Kenbe pwason an. Pa kite l ale.
Tobiyas pran pwason an, li rale l sòti nan dlo a, li mete l bò larivyè a. 4Zanj lan di l konsa:
— Louvri pwason an, wete fyèl la, kè a ansanm ak fwa a. Mete yo sou kote paske fyèl la, kè a ak fwa a se bon renmèd yo ye. Voye rès tripay la jete.
5Jennonm lan louvri pwason an vre, li pran fyèl la, kè a ansanm ak fwa a, li mete yo apa. Apre sa, li fri yon mòso nan pwason an pou li manje. Rès la, li sale l pou pita. 6Apre sa, yo pran mache ansanm ankò jouk yo rive toupre peyi Medi.
7Lè sa a, jennonm lan pale ak zanj lan, li di l konsa:
— Azaryas, frè mwen, ki renmèd yo ka fè ak fyèl pwason an, kè a ak fwa a?
8Azaryas reponn li:
— Yo sèvi ak kè a ansanm ak fwa a pou chase denmon osinon move lespri k'ap toumante nenpòt moun, fanm kou gason. Ou annik pran yo, ou boule yo nan dife fè lafimen. Lapoula, kriz la ap pase, moun lan p'ap janm nan toumant ankò. 9Pou fyèl la menm, yo sèvi avè l pou geri moun ki gen kal sou je yo ki fè yo pa ka wè. Annik pran l, fwote l sou je a, lèfini soufle sou je a, epi moun lan ap wè ankò.
Rafayèl mete lide maryaj nan tèt Tobiyas
10Yo rive peyi Medi, yo te toupre Ekbatana, 11lè Rafayèl di konsa:
— Tobiyas, frè mwen?
Tobiyas reponn:
— Sa ki genyen?
Zanj lan di l konsa:
— Aswè a n'ap fè ladesant kay Ragwèl, yon fanmi ou. Li gen yon pitit fi yo rele Sara. 12Se sèl pitit li genyen tou. Li pa gen lòt. Ou menm, se ti fanmi ki pi pre pitit fi li a genyen. Se ou ki pou marye avè l. Lèfini, se ou ki gendwa eritye tout byen papa l yo. Sara sa a, se yon jenn fi seryèz, li gen kouray, li pa pè travay, s'on bèl nègès. Lèfini, papa l se yon bon gason. Ou gendwa marye avè l. 13Koute sa m'ap di ou, frè mwen. Depi aswè a mwen pral koze zafè maryaj la ak papa fi a pou l bay konsantman li. Konsa, lè n'a tounen lakay li sòti lavil Ragès, n'a fè maryaj la. Mwen sèten Ragwèl pa gen dwa derefize ou sa. Li p'ap ka kite lòt moun marye ak Sara. Si li fè sa, y'ap touye l dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, depi li te konnen se ou menm anvan tout lòt moun ki gendwa marye ak pitit fi l la paske se fanmi pi pre li ou ye. Koute konsèy m'ap ba ou, frè mwen. Depi aswè a n'ap pale koze a ak Ragwèl, n'a fè demann lan. Lè n'a tounen sot lavil Ragès, n'a pran Sara, n'a mennen l avè nou lakay ou.
14Tobiyas di Rafayèl konsa:
— Azaryas, frè mwen, mwen tande Sara gentan fè sèt maryaj. Chak fwa, antre mari a antre nan chanm ak madanm li, li tonbe, li mouri frèt lannwit nòs la menm. Dapre sa yo di, genlè se yon denmon ki touye yo. 15Denmon an pa janm fè Sara anyen paske li renmen l. Men, depi yon gason vle pwoche bò fi a, se pou li touye l. Se sa ki fè mwen pè maryaj sa a. Se sèl pitit papa m mwen ye. Si pou m ta mouri la a, m ta lakòz lapenn touye ni papa m ni manman m. Yo pa gen lòt pitit pou antere yo.
16Lè sa a zanj lan reponn:
— Apa ou gentan bliye sa papa ou te di ou la! Li pa te di ou se pou ou marye nan branch fanmi ou? Konsa, koute byen sa m'ap di ou la a. Pa bat kò ou pou denmon an. Marye marye ou. Mwen garanti ou, depi aswè a Ragwèl ap ba ou Sara pou madanm. 17Tansèlman, lè w'ap antre nan chanm ou apre nòs la, w'ap pran yon mòso nan kè pwason an ansanm ak yon mòso nan fwa li a, w'ap mete yo nan dife recho lansan an. Sant lan ap gaye nan tout chanm lan. Lè denmon an va pran sant lan, l'ap met deyò, li p'ap janm tounen vin anbete fi a ankò. 18Men, anvan ou menm avè l nou moute kabann nou kouche, n'ap kanpe pou n lapriyè Granmèt nan syèl la, n'a mande l favè ak benediksyon. Ou pa bezwen pè! Se pou ou Bondye te sere Sara depi nan konmansman. Se ou menm ki pral delivre l anba denmon an. Lèfini, l'ap swiv ou lakay ou. Ou mèt marye avè l. L'ap ba ou anpil pitit, pitit w'ap renmen anpil, tande. Pa mete okenn vye lide nan tèt ou.
19Lè Tobiyas tande sa Rafayèl di l la, lè li vin konnen Sara te ti fanmi l bò papa, li tonbe damou pou li, li pa wè lòt moun pase Sara pou l marye.

Chwazi Kounye ya:

Tobi 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte