Tobi 7
7
Tobiyas rive lakay Ragwèl
1Lè Tobiyas ak Rafayèl rive lavil Ekbatana, Tobiyas di konsa:
— Azaryas, frè mwen, mennen m tou dwat kay Ragwèl, frè nou an.
Zanj lan mennen l lakay Ragwèl. Yo jwenn Ragwèl chita nan pòtay ki bay sou lakou kay la. Rafayèl ak Tobiyas di l bonjou anvan. Ragwèl reponn yo:
— Bonjou, frè m yo. Kay la se pa nou!
Li fè yo antre lakay li. 2Li di Edna, madanm li:
— Ou pa wè jan jennonm sa a sanble tèt koupe ak Tobi, kouzen nou an?
3Edna mande yo kote yo sòti. Yo reponn li:
— Nou se moun branch fanmi Neftali. N'ap viv lavil Niniv kote yo te depòte nou an.
4Edna di yo:
— Eske nou konnen Tobi, yon kouzen nou?
Yo reponn:
— Men wi, nou rekonèt li.
Edna di yo:
— Kouman li ye?
5Yo reponn li:
— Li byen wi. Li la, ak Bondye!.
Lè sa a, Tobiyas di li:
— Tobi se papa m wi.
6Tande Ragwèl tande sa, li kanpe doubout, dlo vin nan je l, li bo Tobiyas. Apre sa, li di:
— Bondye beni ou, pitit mwen. Papa ou se yon bon moun anpil. Se dilere sa pou wè yon moun serye, yon bon gason tankou papa ou, pou l pèdi tou de je l!
Li pase de bra l nan kou Tobiyas. Li pran kriye sou zepòl li. 7Ni Edna, madanm li, ni Sara, pitit fi li a, t'ap kriye tou pou Tobi.
8Ragwèl resevwa Tobiyas ak Rafayèl tankou moun kay. Li fè touye yonn nan mouton l yo pou yo. 9Lè vwayajè yo fin benyen, yo pase bò tab pou y'al manje. Lè sa a, Tobiyas di Rafayèl konsa:
— Azaryas, frè mwen! Kilè ou pral mande Ragwèl pou l ban m Sara pou madanm mwen?
10Men, pawòl yo tonbe nan zòrèy Ragwèl ki di li:
— Manje non, frè mwen. Bwè kichòy anvan. Pa gate plezi ou aswè a. Se ou ki gendwa marye ak Sara, pitit fi mwen an. Pa gen lòt moun ki gendwa sa a. M pa ka bay pèsonn lòt li, paske se ou ki fanmi pi pre li genyen. Men, pitit mwen, m pa dwe kache ou anyen. 11Mwen marye l sèt fwa deja ak moun ki fanmi nou. Men, menm jou swa nòs la, antre mesye yo antre nan chanm avè l, yo mouri. Men kounye a, pitit mwen, manje manje ou, bwè kichòy. Granmèt la va ban nou favè ak kè poze.
12Men, Tobiyas di konsa:
— M pa nan manje ni nan bwè tout tan ou pa ban m yon repons fèm.
Lè sa a, Ragwèl di li:
— Dapre sa ki ekri nan liv Lalwa Moyiz la, m ba ou l pou madanm. Se Bondye nan syèl la ki ranje maryaj la konsa. Mwen renmèt ou madanm ou pou l tankou yon sè pou ou. Depi jòdi a se madanm ou, se sè ou li ye, ou menm se mari li, se frè li ou ye pou tout tan. Mwen mande pou Granmèt ki nan syèl la pwoteje nou aswè a, pou li ban nou favè l ak kè poze.
Seremoni maryaj la
13Ragwèl rele Sara, pitit fi li a. Lè Sara rive, Ragwèl pran men l, li mete l nan men Tobiyas, epi li di:
— Mwen renmèt ou li nan men. Pran l pou madanm ou jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la. Pran li, mennen l kay papa ou san kè sote. Mwen mande Bondye nan syèl la pou l fè nou fè yon bon vwayaj. #7.13 pou l fè nou fè bon vwayaj: osinon: pou nou gen richès lakay nou.
14Apre sa, Ragwèl pale ak madanm li. Li mande l al chache yon woulo papye pou l ekri kontra maryaj la. Edna pote woulo papye a ba li. Ragwèl fè kontra a, li ekri li bay Tobiyas Sara pou madanm li, dapre sa ki ekri nan liv Lalwa Moyiz la. Apre sa, yo chita bò tab la pou yo manje, pou yo bwè. 15Ragwèl rele Edna, madanm li, li di l konsa:
— Pare chanm zanmi an, machè. Lèfini, mennen Sara ladan l.
16Edna ale, li ranje kabann nan chanm lan, jan Ragwèl te di l la, epi li mennen Sara anndan chanm lan. Sara pran kriye. Men, Edna siye dlo nan je Sara, epi li di l:
17— Pa pè, pitit mwen. Fwa sa a, Granmèt nan syèl la ap wete lapenn ou an, l'ap ba ou kè kontan. Mete konfyans ou nan li, pitit mwen!
Apre sa, Edna sòti.
Chwazi Kounye ya:
Tobi 7: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye
![None](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapistaging.com%2F58%2Fhttps%3A%2F%2Fweb-assets.youversion.com%2Fapp-icons%2Fht.png&w=128&q=75)
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.