Tobi 8

8
Premye nwit nòs Tobiyas ak Sara
1Lè tout moun fin manje, fin bwè, yo fè lide al kouche. Yo mennen jennonm lan nan chanm lan. 2Tobiyas chonje sa Rafayèl te di l la. Li pran sakit li a, li wete kè ak fwa pwason an, li mete yo sou dife kote lansan t'ap boule. 3Sant pwason an fè denmon an kouri met deyò, li vole nan lè a, l'ale jouk nan peyi Lejip. #8.3 jouk nan peyi Lejip: Jwif nan tan sa yo te konsidere peyi Lejip tankou peyi ki nan dènye bout latè, peyi kote denmon ak move lespri rete. Rafayèl kouri dèyè l, li kenbe l. Lamenm li mare l byen mare.
4Lè lòt moun yo sòti kite mesyedam yo nan chanm lan, yo fèmen pòt chanm lan. Lè sa a, Tobiyas leve sòti sou kabann lan, li di Sara konsa:
— Leve non, sò mwen. Annou lapriyè. Annou mande Granmèt la pou l gen pitye pou nou, pou l pwoteje nou.
5Sara leve, epi yo tou de pran lapriyè ansanm, yo mande Bondye pou l pwoteje yo. Tobiyas t'ap lapriyè konsa:
— Lwanj pou ou, Bondye zansèt nou yo!
Lwanj pou non ou pou tout tan tout tan!
Se pou tou sa ki nan syèl la ansanm ak tou sa ou kreye yo
fè lwanj ou pou tout tan!
6Se ou menm ki te fè Adan.
Se ou menm ki te ba li Ev, madanm li,
pou ede l, pou soutni l.
Se konsa yo tounen papa ak manman tout moun sou latè.
Se ou menm ki te di:
Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li.
M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.
7Kounyeya, se pa move plezi pa m m'ap chache
kifè m'ap marye ak Sara.
M'ap fè l ak tout kè mwen.
Tanpri, gen pitye pou mwen, gen pitye pou li tou,
pou nou ka viv ansanm jouk nou rive vye granmoun.
8Lè sa a, tou de di:
— Amèn! Se sa menm!
9Epi yo moute kabann yo, yo kouche pou lannuit lan.
Kè sote pou Ragwèl
10Ragwèl bò pa li menm leve, li rele domestik li yo. Epi ansanm y'al fouye yon fòs, paske Ragwèl t'ap di nan kè l:
— Tobiyas ka mouri tou. Lè sa a, moun pral pase nou nan rizib, yo pral joure nou.
11Lè yo fin fouye fòs la, Ragwèl tounen lakay li. Li rele madanm li, 12li di l konsa:
— Pa pito ou voye yonn nan sèvant yo nan chanm lan al wè si Tobiyas vivan toujou. Si li mouri, n'a gen tan antere l san pèsonn pa konnen.
13Yo fè rele sèvant lan, yo limen yon lanp, epi yo louvri pòt la. Sèvant lan antre, li jwenn mesyedam yo kòtakòt ap dòmi nèt ale. 14Li sòti, li di Ragwèl ak Edna konsa:
— Tobiyas vivan. Anyen pa rive l.
15Lè sa a, Ragwèl di Bondye nan syèl la mèsi. Li di:
— N'ape fè lwanj pou ou, Bondye, ak tout kè nou.
Se pou yo fè lwanj ou pou tout tan.
16Lwanj pou ou dèske ou fè kè m kontan!
Ou te gen pitye pou nou.
Sa nou te pè rive a pa rive.
17Lwanj pou ou, Mèt, dèske ou te gen pitye pou de jennmoun sa yo,
sèl pitit papa ak manman yo!
Tanpri, ba yo favè ou ak pwoteksyon ou.
Fè yo viv nan kè kontan ak tout kalite benediksyon jouk yo mouri.
18Apre sa, li bay domestik li yo lòd pou y'al bouche fòs la anvan solèy leve.
Resèpsyon nòs la
19Ragwèl mande madanm li pou l pare anpil pen mete la. Li menm, l'ale nan bèt li yo, li pran de bèf ak kat belye mouton, li bay lòd pou yo touye yo. Se konsa yo konmanse pare pou nòs la. 20Li fè rele Tobiyas, li di l konsa:
— M pa bezwen konnen anyen! Ou pral rete avè m isit la pandan de senmenn, san ou pa deplase. Ou p'ap fè yon pa. Ou pral manje, ou pral bwè lakay mwen, ou pral fè kè pitit fi m lan kontan apre tout lapenn li pase yo. 21Apre sa w'a pran mwatye nan tou sa mwen genyen, w'a tounen lakay papa ou san malè ni danje. Lè Edna, madanm mwen, ak mwen menm n'a mouri, w'a gen lòt mwatye a pou ou. Fè nou konfyans, pitit gason mwen! Kounye a se yon papa mwen ye pou ou. Edna se manman ou. Depi jòdi a se papa ou ak manman ou nou ye pou ou ansanm ak sè ou la. Pran kouray, pitit gason m!

Chwazi Kounye ya:

Tobi 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte