1
Jan 3:16
1998 Haïtienne
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Ṣe Àfiwé
Ṣàwárí Jan 3:16
2
Jan 3:17
Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.
Ṣàwárí Jan 3:17
3
Jan 3:3
Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa.
Ṣàwárí Jan 3:3
4
Jan 3:18
— Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a.
Ṣàwárí Jan 3:18
5
Jan 3:19
Men ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.
Ṣàwárí Jan 3:19
6
Jan 3:30
Toutotan enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann.
Ṣàwárí Jan 3:30
7
Jan 3:20
Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
Ṣàwárí Jan 3:20
8
Jan 3:36
Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
Ṣàwárí Jan 3:36
9
Jan 3:14
— Menm jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a.
Ṣàwárí Jan 3:14
10
Jan 3:35
Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
Ṣàwárí Jan 3:35
Ilé
Bíbélì
Àwon ètò
Àwon Fídíò