Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l pou l ban m ti liv la. Li di mwen konsa.
— Men li, pran l, manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.
Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l, li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m vale l, li te anmè kou fyèl nan lestonmak mwen.