Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t'ap di:
— Kounyeya, Bondye pral vin delivre nou. Kounyeya Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Kounyeya, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l deyò nan syèl la.