Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m. Lè m t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m. Kounyeya m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.